DEKLARASYON 14 OKTÒB 2010
Jodi a nou vini plante pikèt nou devan Ministè Afè Etranje pou nou di douvan nasyon an ak pèp lòt peyi: twòp, se twòp atò, Minista dwe ale, aba okipasyon fòs militè sa yo ap fè sou peyi Dayiti. Minista vini anba pretèks yo vin stabilize ak sekirize peyi a. Men sa ki verite a, yo vini pou ranfòse dominasyon enperyalis sou peyi a nan tabli yon okipasyon titèl jan li vin parèt pi aklè apre 12 janvye. Nou menm dives òganizasyon k ap batay pou yon chanjman tout bon nan enterè mas popilè yo tankou MODEP - /Mouvman Demokratik Popile, BATAY OUVRIYE, PEVEP - Platfòm Anplwaye Viktim Antrepriz Piblik yo, KRD - Komite Relèvman Divivye, CATH - Santral Otonòm Travayè Ayisyen, Tèt Kole Oganizasyon Popilè, ADFEMTRAH, Chandèl, GREPS, elatriye te lanse yon mobilizasyon pou di Minista bay peyi a blanch. Prezans Minista sou tè peyi Dayiti se non sèlman yon vyolasyon konstitisyon peyi a ak chat Nasyonzini. Prezans li nan peyi a se yon vyolasyon dwa granmoun peyi a men se sitou yon fòs ki la pou kore pwojè klas dominan reyaksyonè ayisyen yo ak enperyalis yo. Fòs Minista a la pou asire lesplwatasyon travayè yo ak dominasyon mas popilè yo ranfòse, mete peyi nou ajenou pou se estrikti tankou ONG ak CIRH k ap defini prèske tout sa ki gen pou fèt nan peyi a, kote nou pa gen kontwòl anyen, tout bagay depann de fòs ekstèn a peyi a. Ki menas peyi d Ayiti te prezante pou lapè ak sekirite nan lemond oswa nan Karayib la anpatikilye pou nasyon zini pran rezolisyon pou voye Minista nan peyi a ? Kilè koukou ta wè pou li rele pitit li frizelia konsa ? Li klè Minista pa vin ede nou. Se okipe yo vin okipe nou pou fè plan neyoliberal la pran chè nan peyi a kote Ayiti ap tounen yon peyi pou miltinasyonal kapitalis yo vin esplwate yon mendèv a bon mache.
Nou te lanse mobilizasyon an depi 28 jiyè, jou ki raple nou premye okipasyon peyi a pou nou te rive a jodi a 14 oktòb lavèy dat gouvènman ayisyen an konn renouvle manda fòs okipasyon an malgre divès rapò montre peyi a ap fè bak, pa gen okenn pwogrè. Laterè ensekirite a kontinye vale teren, enstabilite a la pi rèd. E se nan yon kriz pi rèd peyi a pral tonbe ak koze eleksyon seleksyon k ap prepare a Tou sa montre nou kouman Minista se yon menas pou Ayiti. Se an prezans Minista kidnapin, vyòl ak vòl ak krim ap ogmante nan peyi a depi se peryòd renouvèlman. Pat gen lagè ant faksyon ame nan peyi a, ni Ayiti pa t reprezante yon menas pou lapè nan zòn lan ki jistifye prezans Minista nan peyi a depi 2004.
Kidonk, li nesesè pou tout pèp la, pwogresis ak patriyòt konsekan konprann, nan wout peyi a ye la a, li p ap bon pou nou si nou pa souke kò nou pou nou kanpe anfas tout fòs k ap fè nou pran lalin pou fwomaj, pou nou di dirijan trèt ak apatrid yo: twòp se twòp atò ! Nou konprann sa k ap fèt la. E nou rejte l paske pa gen lavni ni yon lavi miyò pou nou menm mas popilè. Fòk nou leve kanpe pou di non ! Non a okipasyon-titèl peyi a ! Pou sa, nou dwe kontinye ap òganize n, mobilize n pou nou fè gwo leve kanpe ki nesesè a. Twop se twòp atò ! Moman istorik nou ye a mande sa. Klas dominan yo ansanm ak enperyalis ki mete nou nan sitiyasyon nou ye a pa gen solisyon. Solisyon an se nan men nou menm li ye ki viktim tout plan ak pwojè ki ann aplikasyon nan peyi a. Demen, si se pa jodi a menm, machann peyi ki nan tèt leta a pral siyen renouvèlman Minista paske chèf yo mande l. Yo pral siyen l pou yo fè plis represyon ak laterè ak apyi Minista kom bra ame klas dominan yo ak enperyalis yo. Y ap fè l san Gerard Gilles kontenjan nepalè nan Minista asasinen ak Mathieu Frantz Junior, etidyan nan fakilte Etnoloji ak tout lòt pitit pèp nan Site Solèy ak lòt kote nan peyi a ki pa ko jwenn jistis.
Nou vin la a jodi a pou nou montre jan nou pa dakò ak siyati renouvèlman manda fòs lanmò ki rele Minista a. E n ap kontinye mennen lit pou dezokipasyon peyi a apre 15 oktòb 2010. Batay kont okipasyon an pral kontinye ranfòse nan tout peyi a. Nou pap bay legen. Nan lespri patriyotik Ti Benwa Batravil, Chalmay Peral ak lot pwogresis ak patriyòt konsekan ki te batay kont premye okipasyon peyi a, n ap kontinye lit la jis Minista kite peyi a. Nou di : Aba Okipasyon! Mobilizasyon kont Minista a ap kontinye ! Aba pwojè lanmò enperyalis ak klas dominan yo ap aplike nan peyi a ! Vit lit tout mas popilè yo !
14 oktòb 2010