|
|
ENTÈVANSYON NAN JOU KI PREMYE ME 2010 LA
Nan non BATAY OUVRIYE n ap remèsye tout reprezantan laprès ki reponn envitasyon nou an. Ane pase, se nan yon manifestasyon nou te kwaze ak laprès, manifestasyon fòs represif yo te kraze. Ane sa a, nou fè yon konferans pou laprès pou fè yon bilan ane ki fenk pase a, men sitou pou fè konnen kòman n ap rantre nan yon lòt ane tou nèf.
Tou dabò, nou dwe di apwòch nou pa annik yon komemorasyon Premye me. Ane sa a, nou gen yon apwòch nasyonal pou yon BATAY nasyonal, a pòte global. Se poutèt sa non sèlman gen konferans pou laprès jodi a nan Pòtoprens ak prezans reprezantan Batay Ouvriye zòn tankou Grangwav, Lagonav, Plato… men demen premye me, n ap gen yon lòt konferans pou laprès nan Nò, pi presizeman Okap, ak prezans manm Batay Ouvriye Nòdwès ak Nòdès.
Sou kote sa, n ap rete sou pratik k ap gen pou fèt, batay k ap gen pou mennen konkrètman pou mwa me a olye yon komemorasyon premye me, jounen entènasyonal travayè yo, ane sa a, nan mwa me a kòm mwa Batay Travayè yo nan peyi d Ayiti.
Nou di n ap fè yon bilan e n ap gade Batay ki pou mennen. Nou pap elabore twòp pou bilan an. N ap annik lonje dwèt sou kèk aspè enpòtan nan ane a.
- Ane a kòmanse ak manifestasyon premye me 2009 nan Pòtoprens. Li te reyèlman baze sou enterè travayè yo e pèmèt yon pratik komin ant dives kouran. An ment tan, se te yon moman gwo solidarite entènasyonal, an patikilye ak prezans delegasyon brezilyen yo ak antiyè yo.
- Nan ane a, diferan gwo lit mennen, pami yo, an patikilye batay pou sale minimum 200 goud la. Li te pèmèt ouvriye yo montre sa yo ka fè lè yo vle mobilize. Li te pèmèt yo konsolide fòs yo. Li pèmèt dives kouran manifeste yo nan enterè travayè yo. Li rete nesesè inifye, san bouyi vide, dives fòs ki pran pozisyon, patisipe nan lit yo, enkli fòs nan laprès ki te senpatize ak yo. Batay la te pèmèt bloke Preval ki te vle bay 90 goud, yo rache 200 goud pou divès izin, menm si pou soutretans la se 125 goud. Batay la pèmèt wè nati Preval ak ekip li a pi byen: YON BANN ANTI-PÈP.
- Gen dòt lit ki mennen, an patikilye lit etidyan yo ansanm ak gwo solidarite etidyan yo parapò a lit travayè yo, ouvriye yo. Nou vanse nan konstwi kan pèp la. Fòs la kòmanse parèt e yo kòmanse rekonèt li.
- Men nan menm ane a, nou pran anpil kou. Anpatikilye, gen tout pratik ekip Preval la ap fè pou chita yon tèt leta mafia, kriminèl atravè eleksyon-seleksyon-nominasyon. E pou atenn objektif sa a, li blije vini ak yon oryantasyon DIKTATI SAN DEGIZMAN, aklè. E se la nou rejwenn lwa ijans 18 mwa a e represyon sou baz lwa sa a deja demare.
- Nan ane a tou, nou pran latè tranble 12 janvye a. Sitiyasyon mas popilè yo plonje totalman, e tou sa kreye kondisyon pou raketè (gwo kou piti) banbile piplis e dominasyon an vin pi dirèk, pi aklè, pi fò, menm si sa mache sou bò pa nou ak yon solidarite entènasyonal reyèl. Men nou dwe konsyan nou nan yon peyi kote gen yon gwo kontradiksyon: anfas yon potansyèl esplozif ki fò, genyen tou yon REZIYASYON-ADAPTASYON, pandan REE POLITISYEN yo trè gran. Kidonk kriz lejitimite, kriz reprezantativite fèk kare, pandan l ap vin pi fò menm. Fayit leta a la pi rèd e tou sa lakòz okipasyon-titèl blije vin pi aklè.
Nou menm nan BATAY OUVRIYE, nou klè sou sa. E n ap travay pou tout travayè, mas popilè yo klè tou sou sa. E se nan batay y ap klè.
Se nan kad sa a, sou tout teren onivo nasyonal nou wè rantre nan nouvo ane sa a ak yon mwa me k ap yon mwa lit travayè. BATAY OUVRIYE ap fè youn ak tout lòt travayè, tout pwogresis pou bay mwa a anplè li dwe genyen an. Mwa a dwe pèmèt travayè yo, mas popilè yo, rantre sou sèn politik la, yon fason OTONÒM, epi anfas tout move zangi yo. Mwa sa a dwe pèmèt lanse yon BATAY kote y ap konstwi yon ALTÈNATIV ki koresponn a moman imedya a epi jete baz pou poze pwoblèm pouvwa a. Nou klè e nou di li plizyè fwa: fòk gen yon lòt pwojè ! Nou pa ka kite menm vakabon yo bati pou tèt yo, nan pwòp enterè yo sou sa yo rele dekonm yo. Nou dwe travay pou yon lòt peyi apati enterè travayè yo. Sa ap mande kanpe anfas pwojè Preval la ansanm ak tout reyaksyonè li yo. Sa ap mande ranfòse kan pwogresis la san bouyivide. Sa ap mande BATAY pou polarize tout sa ki pran pozisyon bò kote travayè yo, kont reyaksyonè yo, kont tout fo zanmi yo, kit yo rele tèt yo « Ayisyen » toujou, kit yo rele tèt yo « peyi zanmi ». Sa ap mande nan kad rapò mondyal yo, konstwi yon fòs ki ka kanpe tèt drèt devan enperyalis yo ki fin souse nou, toupizi nou e ki, kounyè a, konprann yo ka fè je chèch, mistifye nou.
Jodi a, gen konferans pou laprès la nan Pòtoprens. Demen ap gen youn Okap. Demen n ap prezan nan manifestasyon travayè Sèvis piblik yo. Ap gen dives lòt aktivite pandan tout mwa a. 18 me, n ap lanse yon kanpay kont enperyalis yo ak fòm dominasyon an pran jodi a: okipasyon-titèl.
Kidonk, se yon mwa ki fenk kòmanse, se yon batay ki fenk kòmanse. Li difisil men laviktwa se pou pèp esplwate-domine k ap goumen.
VIV LIT PEP AYISYEN!
VIV YON LÒT AYITI KI BATI APATI ENTERÈ TRAVAYÈ YO!
*
|
|