Okap Ayisyen, PREMYE ME 2010
Zanmikanmarad :
Premye me 2010 rive. An jeneral, nan Okap, se manifestasyon nou reyalize, se pran lari nou pran lari pou prezante revandikasyon nou, pandan n ap fè konnen klèman kouman premye me se pa komemorasyon boujwa, se pa komemorasyon leta, okontrè : se jou batay ouvriye kont patwon ansanm ak leta reyaksyonè yo a.
Men ane 2010 la, nou pap fè l an fòm manifestasyon, men se yon bilan n ap fè nan mitan nou, yon refleksyon sou sitiyasyon peyi a pandan n ap pwopoze refleksyon sa a pou tout lòt travayè yo epi popilasyon kan pèp la an jeneral.
Nan Okap, depi premye me 2009, pat gen gwo mobilizasyon ki reyalize, ni tou pa gen evènman twò enpòtan ki pase. Se nan Pòtoprens mobilizasyon an te piplis chita : te gen kokennchenn batay pou salè minimòm lan kote ouvriye yo te montre sa yo kapab fè lè fòs yo ini nan yon menm bi ; te gen manifestasyon etidyan yo ; te gen mobilizasyon travayè sèvis piblik yo te revoke malman yo. Mobilizasyon sa yo pèmèt divès kouran manifeste yo nan enterè travayè yo pandan yo t ap konsolide fòs yo. Li nesesè pou pratik sa yo kontinye vanse, san bouyivide. Mobilizasyon sa yo pèmèt tou wè vre nati Preval ak tout ekip li : yon gouvènman antipèp, antinasyonal.
Men se latè tranble 12 janvye 2010 la ki vin pote absè sou klou yon mannyè ki depase konpetan. Nou pa twòp santi l nan Nò a e nou pa pran dispozisyon anfas konsekans li ; sepandan, se konnen nou pa konnen kouman sa pral afekte nou tout, ouvriye, travayè, mas popilè yo an jeneral. Vreman vre, apati latè tranble sila a, enpèyalis yo antre an fòs piplis toujou pase jan yo te deja a, politikman e menm militèman. Sa vin bay okipasyon an yon lòt degre kote, jounen jodi a, se kareman yon okipasyon-titèl. Sou yon lòt bò, etan done sitiyasyon an rete trè esplozif, represyon an vin pi fò toujou. Lalwa ijans 18 mwa a pèmèt Preval remèt peyi a bay etranje, pandan l ap chache kraze kareman dwa demokratik nou te rache anba gwo goumen yo. Jodi a : diktati klas dominan yo san degizman.
Se pa pou anyen okipasyon-titèl / represyon-diktati sa a ap fèt : se enplantasyon pwojè dominasyon lesplwatasyon enpèyalis yo k ap pase yon lòt vitès. Vreman vre, se zòn franch yo vle devlope tout kote nan peyi a, ak salè mizè nou konnen an, ak imilyasyon nou konnen yo. Se nan sans sa a, vitès yo pase depi latè tranble a prensipalman nan Pòtoprens, an reyalite touche tout peyi a : se sou tout peyi a li pral blayi, se sou tout travayè, sou tout mas popilè yo an jeneral dominasyon-lesplwatasyon sa a pral vin enfènal.
Devan reyalite sa a, nan Batay Ouvriye, nou deklare : REZISTANS LA DWE REDOUBLE ! Se nan kad sa a, sou tout teren onivo nasyonal nou wè rantre nan nouvo ane sa a ak yon mwa me k ap yon mwa lit travayè. BATAY OUVRIYE ap fè youn ak tout lòt travayè, tout pwogresis pou bay mwa a anplè li dwe genyen an. Mwa a dwe pèmèt travayè yo, mas popilè yo, rantre sou sèn politik la, yon fason OTONÒM, epi anfas tout move zangi yo. Mwa sa a dwe pèmèt lanse yon BATAY kote y ap konstwi yon ALTÈNATIV ki koresponn a moman imedya a epi jete baz pou, sou sèn politik la, poze pwoblèm pouvwa a. Nou klè e nou di li plizyè fwa: fòk gen yon lòt pwojè ! Nou pa ka kite menm vakabon yo bati pou tèt yo, nan pwòp enterè pa yo sou sa yo rele dekonm yo. Nou dwe travay pou yon lòt peyi apati enterè travayè yo. Sa ap mande kanpe anfas pwojè Preval la ansanm ak tout reyaksyonè li yo. Sa ap mande ranfòse kan pwogresis la san bouyivide. Sa ap mande BATAY pou polarize tout sa ki pran pozisyon bò kote travayè yo, kont reyaksyonè yo, kont tout fo zanmi yo, kit yo rele tèt yo « Ayisyen » toujou, kit yo rele tèt yo « peyi zanmi ». Sa ap mande nan kad rapò mondyal yo, konstwi yon fòs ki ka kanpe tèt drèt devan enperyalis yo ki fin souse nou, toupizi nou e ki, kounye a, konprann yo ka fè je chèch, mistifye nou nan objèktif esplwate nou, domine nou, imilye nou.
Jodi a, n ap prezante nesesite mobilizasyon sa a bay kan pèp la nan Okap, ak prezans manm Batay Ouvriye Nòdès ak Nòdwès. Ayè se te nan Pòtoprens ak reprezantan Batay Ouvriye diferan zòn tankou Ba Latibonit, Ba Plato, Lagonav, nan Sid. Kidonk, se yon demaraj nasyonal n ap prepare, nan objektif reziste anfas pwojè sanginè sa a yo vle foure nan gagann nou kote se nou menm travayè ansanm ak tout mas popilè yo ki pral sibi nèt, se peyi a menm yo vle detwi. Kidonk, se yon mwa ki fenk komanse, se yon batay ki fenk kòmanse.
N ap lanse yon apèl pou tout ouvriye, tout travayè, tout mas popilè yo, tout pwogresis konsekan, tout kan pèp la an jeneral mobilize pou defann enterè nou ki, jounen jodi a, se enterè peyi a. Li difisil, men laviktwa se pou pèp esplwate-dominen k ap goumen.
VIV LIT PÈP AYISYEN !
VIV YON LÒT AYITI KI BATI APATI ENTERÈ TRAVAYÈ YO !