![]() |
||
|
5 novanm 2007 Depi mwa me 2007, gen yon konfli ki eklate nan CD Apparel ki an Bildin No. 3 nan Pak Endistriyèl SONAPI, Pòtoprens, Ayiti. Izin lan t ap pwodyi pou Hanes e brid sou kou Hanes koupe kontra yo e izin lan vin fèmen. Nan jan bagay yo vin parèt, boujwa soutretan ayisyen Frantz Pilorge te santi yo manyen li tou. Li te menm lese kwè se kou nan do 2 lòt gwo soutretan (Apaid ak Richard Coles) ta ba li (y ap pwodyi pou Hanes tou). Sa se zafè ki gade yo ! Men sou yon lòt bò, gen plis pase 500 ouvriye yo lage nan lari a. Se vre yo peye prestasyon legal yo ki se yon pitans, sitou ak salè a ki ba a. Men nan yon sitiyasyon konsa yo dwe ouvriye yo domaj ak enterè, menm jan Hanes peye li nan lòt peyi, nan menm sitiyasyon an. Pa dwe gen diskriminasyon ! Nou pa dwe asepte diskriminasyon ! Batay pou domaj ak enterè a, se yon batay ki jis. E ouvriye yo angaje ladan li depi me 2007 rive jouk jounen jodi a. Yo fè manifestasyon ak lòt fòm mobilizasyon. Yo rive kenbe yon gwo inite nan mitan yo. Y ap mennen yon lit legal e y ap chèche solidarite gras a fasilite entènèt pèmèt yo (tyeke sit ouvriye yo). Pou nou nan
Wi, pou nou nan
Jounen jodi a, kowalisyon boujwa reyaksyonè yo nan peyi a ap ranfòse anfas ouvriye yo. Swadizan kontradiksyon ant Pilòj ak parèy li yo ap disparèt e yo tout ansanm anfas ouvriye yo. Kidonk jodi a, solidarite ak ouvriye CD Apparel yo se yon gwo nesesite. Se yon devwa pou tout pwogresis, tout zanmi ki toujou apiye lit travayè yo, ouvriye yo. Se yon nesesite, e se yon devwa pou tout travayè sou tè a. Se youn nan repons nou a mondyalizasyon boujwa yo, enperyalis yo. Pandan nan peyi d Ayiti yo siyen e ap fè gwo bwi sou lwa HOPE la (ki pa gen anyen pou wè ni ak enterè ouvriye, ni ak enterè nasyonal peyi d Ayiti), izin ap fèmen. Pandan y ap klewonnen sou « plis travay », ouvriye ap pèdi travay san dedomajman e anba diskriminasyon. Sa déjà montre kote nou prale !!! Yon fwa ankò,
VOYE LÈT BAY HANES ! rich.noll@hanesbrands.com; Gerald.evans@hanesbrands.com; ir@hanesbrands.com. VOYE LÈT BAY DIREKSYON CD Apparel la ! rjbaker@pfbia.com AN NOU FÒSE HANES BAY DEDOMAJMAN AN ! * Kopi konfòm (cc) lèt solidarite yo ta dwe voye pou ouvriye CD Apparel, ouvrierscdapparel600haiti@yahoo.fr, ak
|
||