Batay Ouvriye Banner

Pòtoprens, premye oktòb 2005

Repons a fatra « Tribinal Entènasyonal sou Ayiti » a: Kouran Ayiti-Pwogrè a fin debòde

Jou ki te 25 septanm 2005 la, nou aprann, nan Batay Ouvriye, gen yon swadizan «tribinal » kouran Ayiti-Pwogrè a, Sant Aksyon Entènasyonal ak Kakola (pami lòt) te òganize pandan wikènn nan, kote yon jounalis/etidyan listwa, Jeb Sprague, pretann di òganizason nou an te youn nan prensipal òganizasyon ki te resevwa lajan nan men gouvènman peyi Etazini pou jete Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Dapre Sprague, fon sa yo te sòti nan men AFL-CIO, youn nan 4 prensipal sous ki t ap kanalize lajan sa yo pou de pwojè kareman enpèyalis, pou Batay Ouvriye atravè yon « sou-kontraktan » l, Socowa, sa ki ta fè mouvman travayè sa a vin tounen de « alye nan konplo » enkonsyan nan yon move alyans anba mayèt Depatman d Eta ameriken an.

Koze sa a lou anpil, e, an lagan, nou dwe komanse pa kesyone « chèchè »a ki, pa yon sèl fwa, pa janm tyeke òganizasyon nou pou enfòmasyon. Ni nonplis komite òganizatè « Tribinal » la pat kontakte nou nonplis.

N ap koumanse nan di pyès « rechèch » pat nesesè pou wè kouman, pami lòt, fon Sant Solidarite a te rive jwenn sendika zòn franch SOKOWA a, atravè Batay Ouvriye. Fon sila yo (US$3,500) ! - mwa d awout 2004) te la pou pèmèt kòdinasyon lit la e pi patikilyèman pou soutni ouvriye revoke ki te anba kokennchen difikilte poutèt tan kriz la te vin ap dire ; yo te sòti nan yon apèl jeneral nou te mete deyò. Jan li parèt aklè nan Anèks 1 an, apèl sila a (ki te retransmèt nan divès sit sendikal sou entènèt la, tankou Labourstart - http://www.labourstart.org/cgi-bin/solidarityforever/show_campaign.cgi?c=30) te piblik e louvri pou tout moun. Sant Solidarite AFL-CIO a, se youn nan òganizasyon ki te reponn konkrètman. Lè etap sa a nan lit la te fini, nou te remèsye piblikman tout moun ki te kontribye nan lit la gras a militans yo osnon ak fon solidarite, pami yo Sant Solidarite a (Anèks 2). Ki fè, ak sa nou montre la a, pi piti “rechèch » pat nesesè pou montre enfòmasyon sa yo ki te piblikman difize.

Men akizasyon Ayiti-Pwogrè, Sant Aksyon Entènasyonal ak Kakola… debòde nèt lè « chèchè » yo a vanse jouk li di se lajan USAID ak NED (Nasyonal Endowment pou Demokrasi) nou t ap resevwa pou destabilize Aristid epi jete gouvènman li a, ke nou te anba kontwòl ak oryantasyon gwoup « 184 » la, ak « Konvèjans Demokratik » la e, pi rèd, nan jan yo makònnen koze yo, ata CIA yo vin ap pale de li yon ti gout pi lwen ! Sa a, koulye a, se yon bon jan toya, yon atak louvè. N ap reponn nan kèk pwen :

1. Dabò, ke, konkrètman Batay Ouvriye pat pyès patisipe nan jete Aristid. Nou te refize rantre nan mobilizasyon sa a jisteman poutèt direksyon l. E lè, nan mwa desanm 2004, nou te difize yon pozisyon sou sitiyasyon peyi a nan moman an (Anèks 3), nou te pòte anpil atansyon pou nou pat pote dlo nan moulen opozisyon boujwa a e pou nou pat asosye nou ak gwoup sa a. Nan sans sa a, premye vye koze « chèchè inivèsitè » a tou deja pa kanpe sou anyen, li pase lwen pozisyon nou yo, ke nou enkli pi ba a, ak tout longè yo. Sa pèmèt nou konprann pouki msye t ap bege konsa nan emisyon radyo li te fè Nouyòk, jou ki te 28 septanm la.

2. Nou toujou pouswiv e angaje nan de relasyon solidarite, militan ou finansyè, sou baz yo konsènen lit ak pratik ki chita inikman sou konviksyon pwofon nou e ak otonomi total oryantasyon ak fonksyònman nou. Pozisyon sa yo parèt aklè nan yon deklarasyon piblik nou mete pi ba a, ankò yon fwa (Anèks 4).

3. Nou genyen pozisyon sa a pa rapò a tout gwoup ki kontribye nan lit nou yo, ki nan militans yo, kit se ak lajan. Se sa ki esplike pozisyon trè klè nou pran pa rapò a santral jòn yo, ki pouri e kolaboratè, nan peyi d Ayiti, pandan, an menm tan, manm OGITH, nan kad lit espesifik zòn franch la, te monte ladann pou pote soutyen yo e nou te aksepte solidarite sa a. Menm jan an, nou te patisipe nan manifestasyon PPN (« Pati Popilè Nasyonal ») nan Nò peyi a, men lè yo te defòme sans prezans nou yon mannyè opòtinis e ak pi gwo manti nan jounal yo a, nou te denonse yo tou, sou papye, sa ke yo te derefize mete nan jounal yo a, e nan sa, tou refize nou dwa nòmal pou nou reponn la. Menm jan an ankò, pandan nou aksepte pratik solidarite AFL-CIO, nou enfòme yo klèman sou pozisyon nou pa rapò a kouran yo fè pati de li a, pwoblèm nou genyen ak yon pakèt nan pratik fondamantal yo nasyonalman kou entènasyonalman, istorikman e jounen jodi, pwoblèm nou genyen ak fòm pratik sendikal yo a ak pozisyon nou sou lit entèn y ap konfwonte aktyèlman (Anèks 5 e, sitou 6 kote nou mete pozisyon sa yo sou papye).

4. Pou sa ki konsènen kritik Aristid an 2003 : nan laj kontèks sa a ki gen divès aspè ladann, n ap di yon lòt fwa ankò e n ap konfime ke wi, nou te afwonte dirijan Lavalas yo ke nou te denonse kòm reyaksyonè, vòlè, mistifikatè, anti-popoilè e fondamantalman anti-travayè. Se pa pyès aksidan si se te pèp la li menm, ak tout konsyans li, ki te ba yo non « gran manjè » ! Nan yon deklarasyon nou te mete deyò pandan mobilizasyon sa yo, nou te fè pozisyon sa a parèt aklè (Anèks 3). Men depi byen oparavan, depi an 2001-2002, travayè òganize nan kouran Batay Ouvriye a t ap denonse pratik gouvènman reayksyonè sa a sou zafè yon masak li t ap òganize nan pami grandon yo, boujwazi Okap la ak gwo miltinasyonal yo (Cointreau) nan jaden zoranj Gwasimal ; vreman vre, masak la te fèt. Menm afwontman sa a te premye okazyon nan peyi d Ayiti kote yon laj mas travayè, ki te about pa rapò a pi piti revandikasyon yo ki pat ka pase anba Majistra Lavalas la, Delege Nò Lavalas la ak tout Minis Lenteryè a, te tonbe rele ansanm : « Aba Lavalas » ! Gen de delege angle ki te sòti nan santral GMB e ki te akonpaye nou nan jaden yo jou sa a ki temwen sa. E tout kote ouvriye, peyizan, ti machann… travayè an general t ap afwonte gwo grandon sa yo, makout yo, boujwa yo ak miltinasyonal yo, se tout tan, tout tan, dirijan lavalas yo te kore klas dominan sila yo.

Nan moman sa a, nan menm lit Gwasimal sa a, Ayiti Pwogrè te kont vye pratik Lavalas sa yo tou. Depi an 2001, li t ap mete deyò atik pou denonse yo, ap prevni sou wòl dirijan Lavalas yo t ap jwe kont mas yo (wè “Travayè yo ap goumen pou dwa nan plantasyon zoranj”, Haiti Progres – 16-22 mai, 2001). E an 2002, otou masak Gwasimal la kote pwòp jounalis yo ki te akonpaye travayè yo te jwenn arestasyon l tou, yo te menm titre « Represyon : Lavalas ap montre vre figi l ! » (6 jen 2002). Pandan tout konfli sa, Ayiti Pwogrè te kontinye ap titre, byen souvan nan premye paj li : « Gwasimal : Lavalas osèvis Grandon yo » (6 ak 19 jen 2002, dènye sila a ak foto yon grafiti Okap ki te di « Aba gouvènman Lavalas ki touye peyizan Senrafayèl) ; « Gwasimal : Represyon Neoliberal» (12 jen 2002) ; « Gwasimal, Kat Blanch pou Represyon» (26 jen 2002) ; « Gwasimal, Lavalas ap pèsiste nan ilegalite l» (31 jiyè 2002)…

5. Wi : Nou te lite kont Aristid ak pratik anbago l pandan koudeta 1991 sou do pèp ayisyen e ki te annik ap anrichi lènmi pèp la, olye pou l te chwazi yon fòm lit popilè ; Aristid ki te tounen ak 20,000 sòlda enpeyalism ameriken pou retabli pouvwa pèsonèl li ak sa zanmi l ; dirijan lavalas yo – e Aristid sitou – ki egzakteman menm jan ak « opozisyon » an, t ap mande okipasyon an ; tout dirijan dasomann mouvman lavalas la, opòtinis, reaksyonè e anti-popilè nèt, sòf lè yo pèdi popilarite yo ki kòz yo tounen ap jwe ak santiman ak revandikasyon lit mas yo ki te mete yo opouvwa an 1990 ;

… Aristid ak tout dirijan lavalas kowonpi ak trèt sila yo, men tou, touswit apre, Gwoup 184 yo ak direksyon boujwa mouvman opozisyon an, non pa sèlman teyorikman (oubyen nan « jounal » !) men nan konstriksyon mouvman popilè sa a menm, kote nou t ap lanse apèl pou otonomi kan pèp la, ap avèti sa ki te ka rive e ap pare nan demen ki te deja ap pran fòm yo (Anèks 3) ; pi ta ankò, e jouk a prezan, menm jan ak toutan, nan lit travayè yo kont boujwa yo ak makout-boujwa (kote nou pat prèske janm konn wè militan kouran Ayiti Pwogrè / PPN), jouk a prezan, kidonk, nan lit nou yo kont Apaid, Baker, Marie-Claude Bayard, ADIH… (Anèks 7 – Bilten Nouvèl No. 2 ak Nòt Près sou jijman nan zòn franch la) ak kont okipasyon an (Anèks 8). Konsa, se konkrètman nou t ap konfwonte mouvman makout, boujwa, miltinasyonal yo, enpèyalis yo, 184 yo, « granmanjè » sila yo ki te kanpe anfas travayè yo ak pèp ayisyen an an jeneral.

Ki sa ki esplike, kidonk, Ayiti Pwogrè, Sant Aksyon Entènasyonal la, Kakola… ak vye fo chèchè yo a ap chèche mete yon konfizyon swa yo pa chèche pwofonde, oubyen yo byen konnen ki kontrè a senp verite ke Batay Ouvriye kanpe anfas tout oryantasyon reyaksyonè ? Pouki yo pa gen pi piti kouraj pou yo konfwonte nou sou kesyon oryantasyon nesesè nan vre enterè mas travayè yo, enterè reyèl mas popilè yo ?

Si yo te fè sa, nou t ap annik fè yo wè kouman Aristid, pwòp li menm, se boujwa li ye, se anba gouvènman l pi gwo konsantrasyon kapital finansyè a janm fèt nan peyi d Ayiti, ak bank ki t ap louvri toupatou… Nou t ap fè yo sonje se Aristid pwòp li menm ki, an sekrè, deplase pou mete premye wòch zòn franch Wanament la ki ta pral tounen yon lanfè sou tè pou tout travayè, jan sa te ka prevwa, e ki esplike pouki li te chwazi fè sa an sekrè. Nou tap fè yo sonje tou koripsyon ak vòlè, tout represyon anti-popilè, tout trayizon dirijan lavalas yo te konkrètman fè ak tout konsyans yo. Direktè jeneral Ministè Lenteryè a, pandan konfli Gwasimal la, pou defann enterè opòtinis mesken l, te deklare ofisyèlman bay laprès : « gouvènman sa a la pou defann tè diplomat yo » !!!

6. Malpalan Ayiti Pwogrè, Sant Aksyon Entènasyonal la ak Kakola… yo konnen tou sa fen e byen, menm jan yo byen konn pratik Batay Ouvriye. Eske se opòtinism fini yo a ak prensip yo pa genyen pyès ki fè y ap defann yon kòz ki pa ka defann - soutni dirijan lavalas yo (ki, nan peyi d Ayiti, deja fin bat ba e, an bon jan aganman, rantre nan pwosesis elektoral la anba okipasyon enperyalis) ? Eske se poutèt yo pa gen pratik pyès nan pami travayè yo ann Ayiti ki fè yo achte yon kòz ki deja fin pouri konsa ?

7. N ap konprann atitid gwoup sa a e, sitou, sa Ayiti Pwogrè a, lè nou analize nati konfli ki devan nou an. Paske, jisteman, se pa yon senp deba ant tiboujwa. Nou dwe klarifye ke atak sa yo pap manke fè nou varye pa rapò a objèktif nou yo, ni pa rapò a konviksyon nou sou sa ki dwe fèt nan enterè travayè, sitou klas ouvriyè. Men nou bay yo enpòtans e n ap kontinye ba yo tout enpòtans yo.

8. Nan kad devlopman lit yo nan peyi a kote klas dominan yo ak tiboujwazi a fin fè fayit, enpèyalis yo ak divès sousou yo sou tout fòm, genyen enterè atak fòs ki chita pami travayè yo e k ap vanse nan de lit konkrè. Poutèt sèten obligasyon – klas dominan yo ak enpèyalism lan gen pou toujou swen aparans « demokratik » yo -, pi bon zam yo, se swadizan kouran « gòch » la. Nan sans sa a, lè lènmi sa yo, yo menm, objèktivman, nan enterè sektè ki pi reyaksyonè nan peyi a, atake nou, se yon bon bagay. Menm si nou konprann sa, nou dwe malgre tou bay esplikasyon sa yo, k ap demaske yo, pou tout moun ka konprann yo trè klè.

Dirijan ‘kouran’ k ap atake nou sibitman an, se Ben Dupuy. Se pou nou swiv chimen msye ak sa ‘kouran’ li a pou byen konprann sitiyasyon an. Pandan tout peryòd yo t ap lite kont Duvalier nan ane 1970 yo, li te tabli, patisipe e/ou pwomouvwa divès òganizasyon, patikilyèman « Rezistans Ayisyenn » la (RA) ki te lye ak « Radio Vonvon » ke tout moun te sispèk kòm yon òganizasyon enfiltre, ki t ap triye jenn pandan ane sa yo pou pare « envazyon » kote tout patisipan yo, yo te vin konnen yo e/ou touye yo, sòf dirijan yo… ! Pi ta, « Rasanbleman Demokratik Ayisyen » an (RDH), MHL (Mouvman Ayisyen Liberasyon), « IDEE »… divès òganizasyon, tout san okenn fwi e ki te fonksyone sou sèl baz anbrigade jenn, san pyès rapwochman, ale wè pratik militan nan baz yo. Divès jenn anbrigade yo, souvan sou yon baz militaris, te fonksyone ak yon oryantasyon prensipal : sa kote yo t ap atake oryantasyon pwogresis, ap denonse yo kòm ajan CIA e menm pibliye foto yo. Nan emigrasyon ayisyen an, se yon pakèt militan ki te leve kont kalite pratik sa yo, ap mande si se pa jisteman kouran Dupuy a ki t ap jwe wòl CIA nan mete sou pye òganizasyon san fwi sa yo ki te sèlman wè mete presyon sou Duvalier, ap devye jenn yo de yon seri pratik pi pwofon e konsekan (an patikilye ak travayè yo) e finalman denonse tout pwogresis.

Sa te parèt pi klèman toujou an 1971-1972, lè Dupuy t al foure kò l anba Senatè Fullbright, ap rale yon pakèt jenn anba l, swadizan pou kapote Duvalier. Pi ta : an 1974-1976, lè li te remize bòt ak kostim geriya, pran kravat ak valiz atache entelèktyèl maksis-leninis la, kouran sa a te fè tout efò l pou fann Pati Inifye Kominis Ayisyen yo (PUCH) pou enfiltre Kiba. Yo te fè parèt liv ak fim pou monte « gwo travay » yo t ap reyalize ; men Kiben yo, malgre yon kout peryòd laksis, te fin pa demaske yo. Pandan menm peryòd sa a, kouran an te vwayaje al Kiba pou kontre ak militan ki te kidnape anbasadè ameriken an, Clinton Knox. E yo tounen Ozetazini, san pyès pwoblèm !

Pandan peryòd liberalizasyon Jean-Claude Duvalier a, wòl yo vin chanje : kouran Dupuy a te soutni « endepandan » administrasyon Carter ak CIA a t ap kite devlope anndan peyi a. Lè Duvalier pati, MHL bay APN, jounal Ayiti Pwogrè e finalman PPN. Se nan kad dènye òganizasyon sila a, tan pou yo atake Gwoup 184 ki t ap tabli asosyasyon anti-Aristid, yo chwazi atake travayè rejyon Plezans la, nan enterè gran pwopriyetè fonsye yo.

Chimen sa, se chimen yon ajan ki fè anpil pou kraze Santral Otonòm Travayè Ayisyen an (CATH) nan moman li te pi dinamik la. Si, seryezman palan, li te gen divèjans fondamantal ak santral sa a, li ta tabli yon lòt ak gwo diferans ladann. Yon ajan ki, nan yon analiz pi sere, pa sible swadizan « sendikalis » Gwoup 184 la, kidonk swadizan « Sektè Sendikal » la ki regwoupe pi fò santral peyi a (sòf Entèsendikal Premye Me Batay Ouvriye) ki te soutni aklè e kareman aksyon 184 yo, ki te responsab lajan nan gwoupman sa a e sanble piplis ak Konfederasyon Venezwelyen Travay la (CTV)… men chwazi pito pran Batay Ouvriye tankou yon sib. Jan nou fè l parèt pi wo a, tou sa an defans yon kòz ki santi di, kòz gran manjè anti-travayè ak anti-popilè Lavalas yo, ak nan yon lojik ki sanble ak manm AFL-CIO yo, kote y ap chwazi sa ki « mwen mal » la. Oubyen, jisteman, k ap jwe yon wòl CIA ?

N ap repete l : atak lènmi yo bon. Yo pèmèt nou presize lit nou e toujou sonje nou pa dwe jwe ak lènmi. Finalman, an menm tan, sa pèmèt nou demaske reyaksyonè sa yo ak nati aganman yo, k ap chèche enfiltre lit popilè yo, e, nan sans sa, pou nou ranfòse tèt nou e konsolide kan pèp la, gras a denonsyasyon sila yo.

Se poutèt sa, konklizyon pa nou, nan konfli sa a, se dezi nou pou nou kontre ak divès kouran tiboujwa sa yo sou teren lit kont grandon yo, ak bann sousou yo ; sou teren an, kont boujwazi a konkrètman nan izin yo, faktori yo, plantasyon yo, e, sou sèn politik la, pami peyizan yo, travayè yo, ouvriye yo e, apre sa, obligatwaman, jan nou te deja wè l an 2002, kont alye grandon-boujwa-miltinasyonal yo, kidonk, kont dirijan Lavalas yo.

An nou kontre sou teren konkrè lit yo, travayè yo a va konnen.

POUSWIV AK LEKTI ANÈKS YO