![]() |
||
|
BATAY OUVRIYE ap fè piblik la an jeneral jwenn rapò premye semès Komite Jesyon lekòl kominotè Chatlen, nan Ba Latibonit. Lekòl sa a ki se yon lekòl kominotè, responsab yo pa janm rive bay popilasyon an okenn satisfaksyon; pi rèd, yo kite batiman yo fin kraze pandan yo t ap disparèt lajan ki te la pou fè lekòl la mache e nou pa konnen si jiskaprezan yo pap pran lajan sou non lekòl la toujou. Kidonk, se nan yon veritab konba anfas tout reyaksyonè nan zòn lan
Se nan yon veritab demokrasi laj e aktif pwosesis la ap vanse, kote tout moun ki vle patisipe, ap patisipe, bay dizon yo e, sitou, kontwole kolèktivman byen piblik la. Fò n di tou se nan kad BATAY jeneral travayè yo ap fè pou tè, pou irigasyon, pou lojman, wout, dlo… ansanm ak tout kalite lòt sèvis, BATAY pou pran an men lekòl la replase l. Kidonk, devan absans, koripsyon e demisyon leta, fas a dominasyon e lesplwatasyon gran don ansanm ak tout kalite reyaksyonè nan zòn lan, travayè yo ap pran responsabilite yo. LEKÒL KOMINOTÈ CHATLEN, KATRIYÈM SEKSYON KOMIN VÈRÈT DEPATMAN LATIBONIT, AYITI Rapò semès Komite Jesyon Lekòl la Pou dezyèm Asanble Kominotè Chatlen ki reyalize nan lokalite Charye Mèkredi 21 Fevriye 2007 Ak tèm: ANN APRANN METE TÈT ANSANM POU SOTI ANSANM NAN MALSITE AK MIZÈ Nan non Komite Jesyon an m ap salye tout manm Asanble Kominotè a, tout envite yo, patikilyèman manm
Nou reyini la a, se pou nou kontinye eksperyans demokratik nou kòmanse tabli anndan kominote a. Jounen jodi a, demokrasi a ap fèt apati rapò Komite Jesyon an ap prezante ba nou kòm mèt lekòl kominotè a. Avan nou prezante rapò a, n ap souliyen 2 bagay: youn, se lè asanble a t ap ba nou responsabilite sa a, yo pa t fin klè sou oryantasyon ak mwayen pou fè fas a tach sa a. Men tou, bò kote ansyen dirijan lekòl la, nou gen enpresyon yo pa t reflechi sou kite achiv pou kontinye lekòl la, nou pa jwenn anyen kòm demach a gade. Nan rapò n ap pwal prezante a, se gras ak efò kolektif pa nou ki pèmèt sa ki fèt la yo fèt. N ap mande nou kenbe kont de sa lè nou gen pou entèvni sou rapò a. Lòt bagay n ap di, rapò nou pwal prezante a, se yon rapò nou fèk sot li e nou panse done ak enfòmasyon li bay yo twò gaye e menm manke presizyon sou sèten bagay nou rive fè men n ap kantmenm fè klè pou nou tout: ki sa nou jwenn? Ki sa nou rive fè? Chwa nou fè ak desizyon nou pran epi kòman ak ki jan sa fèt? Ki sa nou jwenn? Nou jwenn yon lakou chaje raje, yon batiman 6 pyès kouvri, san pòt, yon pati prèske tonbe (danje), yon lòt sal ki pa kouvri, yon twou twalèt chaje fatra, nou jwenn 26 ban, 4 tablo, 4 chèz yon sèl ki ka sèvi, yon ti tab, 140 liv melanje de 1e ane ak 6e ane, yon gran kaye pou achiv, 3 pòt an bwa ki atè menm gen ki kòmanse kraze, 4 fèy tòl, 3 fèy planch, 3 règ, 3 ekè, 3 rapòtè. Ki sa nou rive fè? Nou rive netwaye yon gran pati nan lakou a, nou rive fin fouye twou ak konstwi 2 chanm twalèt, nou repare 3 chèz, nou mete pòt nan 4 sal, nou nonmen 3 pwofesè ak yon responsab pou travay ak yo, nou bay materyèl travay pou pwofesè yo, nou ouvri lekòl la 30 oktòb 2006. Nou peye pwofesè yo 3 mwa travay, nou tabli divès orè reyinyon ak seyans travay pou divès konsène, nou rive mete yon kaye kontabilite anndan komite a. Ki kalite chwa ak desizyon enpòtan nou rive pran pou bòn mach lekòl la? Nou chwazi pou lekòl la se yon lekòl layik, ki pa melanje ak okenn pratik relijyon, nou chwazi fè fòmasyon ti moun yo nan lang kreyòl la pandan y ap aprann franse tou. Nou deside ane sa a pou tout ti moun vini ak nenpòt rad, nou deside sèvi ak fèy kote paran yo pap achte liv pou kesyon sa a, nou deside pou gen yon seyans travay ak pwofesè yo chak fen semenn nan kad fòmasyon yo dwe jwenn, travay sa a rive fèt gras ak patisipasyon
Kòman ak ki jan sa fèt? Tout bagay nou di yo, yo fèt gras ak mobilizasyon : Komite yo,
NON ÒGANIS OUBYEN MOUN KANTITE LAJAN (an goud) Joseph Joichim 100 Pierristil Chalorain 100 Joissaint Nolaire 100 Moïse Calixte 200 Fanfan 300 Veuis Dorceus 100 Rigo 100 Rezo solidarite ak BO nan Nouyòk 9.750 Joslin Miyami 8.600 Frè eskolè 1.750 Gera Morancy 6.200 Egal, Komite a rive mobilize: 27.300 (vennsèt mil twa san) goud pou sòti oktòb 2006 pou rive 3 fevriye 2007. Men nan ki sa Komite a fè depans li yo: NAN KI DOMÈN LAJAN SA KOUTE (Gd) Pou materyo 8.025 Pou bòs 3.025 Pou fonksyonè 9.500 Pou manje 2.918 Pou materyèl klas 982 Pou deplasman 40 Egal Komite a depanse sòti oktòb 2006 pou rive 3 fevriye 2007: 24.490 (vennkat mil kat san katrevendis) goud. Ki fè, nan fon li, nan dat 3 fevriye 2007, Komite a genyen kòm balans: 2.810 (de mil wisandis) goud. Pa rapò a èd fòs travay moun (jan sa te gen tan siyale pi wo a), moun sa yo, nou jwenn yo anndan Komite Jesyon an, anndan
Avan nou bay kèk enfòmasyon ak kèk priyorite pou Asanble a, n ap di nou rankontre anpil difikilte nan travay nou kòm komite. Gen moun anndan kominote a ki pa dakò pou chanjman ak devlopman. Nou jwenn menas, koutlang...! Egzanp: sa nou panse lè yon moun di: “tout sa ki gen pou fèt ak lajan nan lekòl la, se li ki dwe fè li e, si se pa sa, li prè pou bloke tout bagay, kanpe ankwa!” Oswa lè yon moun di: “pòt twalèt la pa dwe gen kle, se yon twalèt kominotè”. Lè nou gen manm Komite a ki sibi atak mistik, sou bèt li, sou ti moun li e menm li menm. Lè gen moun k ap mete nan tèt paran yo lekòl la pral gen batay, kout poud kont ti moun yo. Lè sèten moun ki rete alantou lekòl la itilize lakou lekòl la pou yo kaka! Men kèk enfòmasyon sou sèten desizyon nou pran: · Kaye enskripsyon pou pwofesè ki deside travay rete louvri; · Enskripsyon nouvo elèv pou 1e, 2e ak 3e ane ap fèt nan mwa me 2007 ; · Tout elèv ap vini ak inifòm pou sesyon mwa jen 2007 la ; · Totu paran ap gen pou bay 25 goud pou enskri yon nouvo elèv ak 300 goud kòm frè eskolè pou tout elèv ; · 3e asanble kominotè lekòl la ap fèt mèkredi 22 out 2007 nan lokalite Chatlen, nan lekòl la. Men kèk priyorite nou gen pou lekòl la : · Rive refè pati batiman an ki vle kraze a epi rive kouvri lòt sal siklòn te kraze a ; · Rive mete 2 pòt nan 2 lòt ti chanm yo ; · Rive konstwi gran sal pou mete materyèl lekòl la paske, jounen jodi a, yo gaye ; · Rive klotire lakou lekòl la ; · Rive gen yon dispansè anndan lekòl kominotè a pou ti moun yo ; · Rive mete materyèl pou ti moun yo rekreye yo nan lekòl la ; · Rive fè ti moun yo jwenn yon pla manje chak jou nan lekòl la pou pi piti ; · Rive jwenn yon espas fòmasyon epi bay yon salè rezonab pou pwofesè yo ; · Rive ede paran yo, mete yon òganizasyon paran pou kore lekòl la. VIV AYITI ! VIV LEKÒL KOMINOTÈ CHATLEN AN ! VIV PARAN RESPONSAB ! VIV SOLIDARITE AK PITIT TRAVAYÈ YO AK PEYIZAN ESPLWATE YO ! |
||