Lè nou konsidere apre plis pase 48 è, pa gen chaj ni chèf d akizasyon kont peyizan yo te arete lendi 27 me 2002 nan Guacimal (Sen Rafayèl) e ki nan prizon nan Pòtoprens;
Lè nou konsidere peyizan yo arete yo, lapolis bwote yo san dosye, san lòd depo, san lòd transfè;
Lè nou konsidere se nan tribinal Grann Rivyè di Nò a menm, lapolis te rantre epi rache moun yo nan nan men lajistis, d apre pwòp pawòl Komisè Gouvènman Grann Rivyè di Nò a, misye Smith Bertrand;
Lè nou konsidere, d apre lalwa, moun yo mete nan prizon, se moun ki kondane oubyen se moun lajistis deja tande;
Lè nou konsidere jounalis yo te arete an menm tan avèk peyizan yo, libere, aksyon sa a, se yon politik diskriminasyon, alòske gouvènman sa a toujou ap kleronnen "Tout moun se moun";
Lè nou konsidere, peyizan ki nan prizon yo poko jwenn swen, pandan eta sante yo ap anpire chak jou piplis; Lè nou konsidere bon jan enfòmasyon ki soti nan rapò ankèt Platfòm Dwa Moun ak NCHR, te mennen sou dosye a ki demonte pak an pak kanpay dezenfòmasyon otorite yo, medya leta yo ak sèten lòt medya ki te vle fè peyizan yoi pase pou de asayan, oswa teworis;
Lè nou konsiddere temwayaj jounalis ki lage yo e ki te akonpaye sendikalis peyizan yo nan egzèsis dwa demokratik yo;
Nou menm, òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou deklare:
Arestasyon ak detansyon peyizan yo, se yon zak abitrè, ilegal, ki vyole ni Konstitisyon peyi a, ni knovansyon entènasyonal leta Ayisyen siyen e ratifye. Kidonk, nou mande liberasyon prese prese e san kondisyon prizonye peyizan Guacimal yo, nan kad dwa konstitisyonèl tout sitwayen dwe kapab jwi e viv nan peyi a.
Li lè, li tan pou Leta Ayisyen sispann pilonnen dwa travayè.
Oganizasyon ki siyen nòt sa a, se:
SAKS - Joseph Georges
Antèn Ouvriyè - Réginald Jules
Batay Ouvriye - Gérald Germain
NCHR - Koalisyon Nasyonal Dwa Moun - Viles Alizar
Radyo Atlantik- Hébert Polycarpe
PAPDA - Camille Chalmers
POHDH - Eliphète St. Pierre
Batay Nò - Sintès Estime
Fondasyon Eko Vwa Jean Dominique - Patrick Elie
Koze Pèp - Koze Pèp