Pòtoprens, 12 mas 2010
Tout zanmikamarad ki nan Kan yo !
Pandan gouvènman an fin montre jan li enkapab, jan li pa fouti pran kòz nou anchaj kòmsadwa; pandan l ap konfòme tèt li nan chache kontinye konsolide tèt li ansanm ak mafya-kriminèl li t ap mete anplas la; pandan senatè ak depite abolotcho yo ap rekòmanse magouye dekwa pou yo rive refoure tèt yo sou moun epi, konsa, asire kontinyite yon manda ki te deja fini; pandan tout gwo pisans etranjè yo, apati yon “èd” yo vin “bay” kote se ONG k ap vale teren nan konsomen twaka kòb la, ap anvayi teritwa nou an ak militè, tankousi peyi Desalin lan te yon pitimi san gadò; pandan Preval ansanm ak tout gouvènman l lan ap louvè peyi a bay tout sila ki vle pran l nan men nou; pandan boujwa ap kontinye paweze epi tou pwofite ogmante lespwatasyon an pi rèd nan faktori, nan izin, jouk ouvriyèz ap mouri anba dominasyon yo; pandan tout konsèvatè ap kolabore nan chache fofile kò yo piplis nan pouvwa a epi, konsa, patisipe nan remete anplas estrikti pouri ki te la yo...
Nou menm, anba tant, anba prela, anban vye twèl, anba katon... kontinye ap bat lapli, soufri, sibi imilyasyon e menm peri, nan yon sitiyasyon kote se lamizè nou ki mete nou la; yon lamizè grandon, gran boujwa, gran manjè ansanm ak gran kapitalis etranje, te pote ak tout lame yo, tout lapolis yo, pou fòse nou rive la.
Komite Kan nou yo
Nan anpil Kan, gen Komite ki mete sou pye pou rache “èd” la, dekwa pou nou ka viv apre katastwòf natirèl latè tranble 12 janvye 2010 la. Devan katastwòf natirèl sa a, genyen moun ki tou pwofite vle fè n kwè se malediksyon. Se pou nou ka kontinye rete 2 bra pandye ap tann, pandan y ap tou maske wòl dominan yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo genyen nan mete nou la.
Gen anpil Komite vre, men anpil nan yo tou se ti raketè k ap chache met ansanm ak gwo vòlè yo pou regle afè pèsonèl yo epi tou chache fofile tèt yo nan pouvwa gran manjè a. Komite pa nou yo, se pa sa pou yo ye. Fòk yo dinamik pi rèd, men sitou fòk yo onèt, serye, konsekan, otonòm! Fòk yo kapab reprezante popilasyon Kan yo tout bon vre. Ann apre, fòk nou chache mete bon jan kòdinasyon nan mitan nou, dekwa pou nou pi djanm. Nan mouvman kolektif sa a, nou dwe transfòme tèt nou pou nou kapab non sèlman fè fas kare ak tout raketè ki vle pwofite sitiyasyon an pou dòmi sou nou, men sitou pou nou kapab kanpe anfas pwojè dominasyon-lespwatasyon klas dominan yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a ap prepare pou remete anwo nou.
Nou menm, anfas pwojè dominasyon-lespwatasyon klas dominan yo
Pwojè dominasyon-lespwatasyon sila a LA PI RÈD. Vreman vre, se sou do nou, nou menm travayè, nou menm mas popilè, li soti pou chita, nan fòse nou travay pou yon salè mizè, pandan se nou menm ki pral sibi, pral soufri, menm jan sa te tou ye. Fòk nou kapab reziste anfas pwojè sa a. Se sa k fè se depi nan Komite nou yo pou nou kòmanse pran konsyans, kòmanse konprann sitiyasyon ki devan nou an trè klè, epi pran dispozisyon pou nou reziste anfas mati yo vle pral fè nou sibi a ankò. Kidonk, Komite Kan nou yo dwe kapab TRANSFÒME tèt yo an Komite k ap kanpe anfas tout sa k ap vin devan nou, kit se ti raketè yo, kit se pwojè dominasyon-lespwatasyon klas dominan yo sitou. Fòk yo transfòme an KOMITE LIT. Pou sa, se enterè pa nou, enterè travayè yo, enterè mas popilè yo ki pou devan.
Sitiyasyon politik anvan 12 janvye 2010 la pa chanje pyès
Sitiyasyon politik konkrè ki te devan nou anvan latè tranble 12 janvye a pa chanje pyès! Se toujou menm li menm ki la, menm si jounen jodi a reyaksyonè, vòlè ak abolotcho yo ap pale pawòl chanjman. Nou te deja ap montre nou pa dakò ak sitiyasyon sila a: se konsa nou te kanpe lwen devan eleksyon fo mamit yo t ap òganize yo; se konsa nou te kòmanse ap remobilize pou defann revandikasyon nou, pou rache dwa nou. Nou mobilize pou chache rache vye 200 goud mizè a: Preval kwape nou! Nou mobilize pou chache rache salè yo te dwe nou yo depi plizyè mwa: lapolis reprime nou! Nou mobilize anfas privatizasyon, anfas okipasyon: yo pa okipe nou! Nou mobilize pou reklame yon lòt ansèyman ki pa lekòl bòlèt, ki pa inivèsite degrenngòch: yo bloke nou, benyen nou ak gaz, arete nou! Nou mobilize anfas grangou klowòks la: lapolis ak Minista touye nou! Preval felisite yo pou sa. Epi, boutofen, nan jou 12 janvye 2010 la menm, fòs reyaksyonè yo kòmanse ap fè asasina!
Jounen jodi a, men nou tande yo vle “deplase” nou, voye nou nan kote nou pa konnen, kote nou pap ka viv, kote se toujou “èd” k ap gen pou vin “sove” nou: y ap pwofite latè tranble a pou mete nou deyò. NOU PAP ASEPTE SA!
Sèn politik la
N ap MOBILIZE pou defann dwa nou, mobilize pou RACHE DWA NOU! Pou sa, fòk nou anvayi SÈN POLITIK LA TOUT BON! Se LA bagay yo ap regle jounen jodi a. Fòk nou pa kite se abolotcho, reyaksyonè ak vòlè tou sèl ki gen lapawòl ankò! Se pou nou tout pale tou, fò, toutan, ak enterè pa nou devan. SE POU NOU FÈ SÈN POLITIK LA VIN PA NOU! Se pou nou mete LARI A SOU SÈN POLITIK LA!
Leta sa a pa pou nou!
Devan tout sa, fòk nou trè klè: Leta ki la a pap reprezante nou, Leta ki la a se pa Leta pa nou! Okontrè, se Leta raketè yo, Leta gran manjè a, se Leta gran boujwa, Leta grandon, Leta gran kapitalis peyi etranje. Leta sa a KONT NOU! Pou reprezante ak defann enterè nou tout bon, fòk nou ka kanpe anfas represyon yo pral vle blayi sou nou an, pandan n ap reflechi, ansanm, epi travay, ansanm, pou nou METE SOU PYE YON LÒT LETA, ak enterè pa nou devan, sèl jan n ap asire sou lavi nou, sou lavni nou, ansanm ak tout pitit nou. Nan Batay Ouvriye, se pou sa n ap travay! Ann kole fòs!
ABA PWOJÈ DOMINASYON-LESPWATASYON KOTE KLAS DOMINAN YO ANSANM AK LETA REYAKSYONÈ YO A VLE REFOURE NOU PI RÈD! ABA POLITISYEN ABOLOTCHO! ABA GRANDIZÈ, GRAN MANTÈ KI KONPRANN SÈN POLITIK LA POU YO TOU SÈL! ABA LETA GRAN MANJÈ KOWONPI MAFYA KRIMINÈL K AP DEFANN GRANDON, GRAN BOUJWA, GRAN KAPITALIS PEYI ETRANJE! ABA DEPLASMAN KRIMINÈL YO VLE FÒSE NOU FÈ JOUNEN JODI A, ANWO TOUT MALÈ NOU DEJA AP SIBI!
VIV LIT MAS POPILÈ AYISYEN YO!