![]() |
||
|
NÒT POU LAPRÈS Sa fè 1 an depi peyi a gen yon lòt direksyon nan tèt li. Se sèten pwofondè kriz la lakòz pèsonn pa ta ka atann yo a de chanjman kalitatif rapid. Men li rete nesesè nou byen metrize tandans yo e klè kote nou prale. Sitiyasyon an difisil anpil e l ap vin pi difisil chak jou pou ouvriye, travayè tout kalite, ansanm ak rès mas popilè yo. Sa mande nou konnen sa n ap fè e pou byen konnen sa n ap fè a, li nesesè nou konprann nan ki toubiyon nou ye e pran pozisyon pou nou AJI. Malgre evolisyon sou kesyon ensekirite a, sitiyasyon malouk la bay yon gwo tansyon nan fòmasyon sosyal la. Yon fwa ankò, jan nou konn montre li, tout mannèv sou kesyon demokrasi a parèt aklè. Objektif klas dominant yo ak enperyalis yo ki okipe peyi a, se pou eseye sòti nan kriz la e kreye meyè kondisyon pou laji esplwatasyon ki sou do travayè yo. Tou sa ap fèt nan kad sa yo rele mondyalizasyon an. Pou sa fèt byen yo blije itilize yon blòf a gran lijyèn. · Solisyon peyi a se eleksyon. Lavi montre se blòf. · Solisyon peyi a se « rekonsilyasyon ». Lavi ap toujou montre se blòf. Yo pap janm ka rekonsilye grandon ak dimwatye osnon vann jounen. Yo pap janm ka rekonsilye ouvriye k ap touche 70 goud ak boujwa k ap fè milyon ven sou do yo. Yo pap janm ka rekonsilye chomè peyi a ap ponn san rete yo e ki nan mizè pi rèd chak jou ak responsab mizè a, kidonk boujwa, grandon ak enperyalis yo. · Solisyon peyi a se envestisman : nan blòf sa a, lesplwatasyon ouvriye tounen « bay travay ». Lesplwatasyon ouvriye, sou pretèks avantaj konparatif, tounen « boujwa k ap vin sove ouvriye ». E lè yon moun sòti pou louvri je travayè pou yo wè klè nan mistifikasyon sa a, yo di moun sa a « li pa dakò pou gen travay », oswa ke « li vle kraze peyi a ». · Jan yo prezante kesyon an, sitiyasyon n ap viv la sanble li pa gen rasin. E lè yon moun oze al chèche rasin yo, yo reponn li se « Ayisyen » ki pa bon, « Ayisyen » ki responsab. · Malgre tou, kriz la vin pi fon. Okipasyon an ap kontinye e, lè a, yo di, se swadizan « gwo peyi zanmi yo ki vin ede nou ». Jan nou deja di li, li nesesè pran pozisyon. Se sa k fè
Pòtoprens, 6 me 2007 |
||