I
LIS REVANDIKASYON IMEDYA OUVRIYE NAN CODEVI S.A. (Mas 2004)
Lis revandikasyon Sendika a prezante nan enterè tout ouvriye nan izin lan devan direksyon zòn franch Codevi (Compagnie de Développement Industriel, S.A.) nan Wanament. Negosyasyon an ta dwe abouti a yon konvansyon kolektif ki dwe sèvi kòm baz pou amelyore kondisyon travay nan premye izin Codevi a epi jwenn respè pou pèsonn yo, pou dwa yo genyen kòm travayè. Nan lis revandikasyon sa a, gen de pwen nou wè ki pou diskite touswit. Gen dòt, se nan yon delè k ap fikse ant 2 pati yo pou negosyasyon fèt sou yo. Negosyasyon yo ta dwe mennen a yon kontra kolektif ki ta valab pou yon dire ke 2 pati yo ta gen pou fikse.
A) Pwen imedya yo, yo touche kesyon tankou:
1) Reyentegrasyon 34 manb Sendika yo, direksyon Codevi te revoke an vyolasyon lwa peyi a ak konvansyon entènasyonal sou kesyon travay. Fòk:
Tout ouvriye yo kenbe ansyennte yo nan antrepriz la epi touche salè yo pou tout tan yo fè andeyò izin lan depi 2 mas 2004;
Antrepriz la bay Arièl Jerome tout swen ka li mande epi ranbouse li tout depans li fè deja pou konsiltasyon ak ekzamen medikal yo;
Kesyon prezans lame dominikèn anndan zòn franch ak wòl gwoup nèg ame”Baz 52” nan bat epi arete ouvriye nan jou ki te 2 mas la dwe klarifye e rezoud.
Fòk responsab zòn franch lan kanpe nan sèvi ak vyolans pou rezoud konfli travay e pran mezi kont tout moun ki pa respekte sa;
Direktè Codevi/Grupo M, Msye Limbert Cruz, tabli prensip rankont regilye pou l chita ak Komite Ekzekitif Sendika Ouvriye Codevi Wanament pou kòmanse devlope yon lòt kalite rapò ant anplwayè/sendika nan zòn franch lan. Nan rankont sa a, divès pwen ta abòde pou lanse negosyasyon pou yon akò siyen ant 2 pati yo. Pami yo, divès lòt ouvriye ki revoke e ki pa resevwa prestasyon legal yo ak lòt pwen ki nan lis sa a.
Direksyon Codevi/Grupo M rekonèt ke, selon lalwa nasyonal kou entènasyonal, Sendika a gen dwa vini ak, oswa voye, youn ou 2 mandatè, depi sila yo akonpayen pa yon lèt ki pwouve manda yo. Mandatè sa yo gen dwa parèt kit se devan Direksyon an, kit se devan Ministè Afè Sosyal, oswa nenpòt ki lòt moun, òganism oswa enstitisyon.
2) Pou amelyorasyon rapò ak kondisyon travay yo, nou mande Codevi:
Respekte dwa ouvriye genyen pou genyen òganizasyon sendikal pou defann dwa ak enterè yo nan objektif amelyorasyon lavi yo ak kondisyon travay yo;
Trete tout ouvriye ak ouvriyèz ak respè. Nan jan sipèvizè ak ajan sekirite yo pa respekte ouvriye, fòk direksyon izin lan pran mezi disiplinè serye kont sa e sanksyone klèman anplwaye ki pa respekte sa;
Sispann revokasyon abitrè ak ilegal pou aktivite sendikal, pozisyon ki depaman ak anplwaye anndan antrepriz la;
Sispann tout fòm diskriminasyon kit se diskriminasyon sou baz sèks, ras, ran sosyal ak nasyonalite nan rapò direksyon ak ouvriye yo;
Pran mezi pou pèsonèl gason ki nan administrasyon izin lan sispann pratik tizonnay seksyèl sou ouvriyèz yo nan mande yo favè, nan fòse yo rete tann nan biwo nan lè ki ta apre yo fin travay;
Kanpe sou tout sispansyon kòm mezi disiplinè san ouvriye a pa gen mwayen pou konteste desizyon an oswa defann tèt li kont yon akizasyon oswa pozisyon manm direksyon antrepriz la ki konn bay sispansyon yo. Kalite pratik sa yo vyole dwa pou sekirite nan travay ki se yon garanti pou nou kapab fè fas a responsabilite nou genyen yo;
Bay Sendika a apwouve tradiksyon kreyòl règleman enteryè ak kòd kondyit Codevi
Afiche epi distribye kopi an kreyòl règleman enteryè ak kòd kondyit Codevi ki apwouve yo bay tout ouvriye ak ouvriyèz pou yo enfòme yo sou sa ki ladan yo;
Aksepte prezans yon komisyon verifikasyon endepandan ki ta fòme pa moun/pèsonalite ki gen kredibilite ak moralite nan sosyete ayisyèn ak dominikèn oswa onivo entènasyonal.
3) Pou dwa pou fè asosyasyon ak pou negosye yon kontra kolektif, fòk responsab Codevi yo asepte pou:
Respekte dwa tout ouvriye ak ouvriyèz san distenksyon pou fòme Sendika san yo pa viktim mezi reprezay ak zak diskriminasyon bò kote manb direksyon zòn franch lan;
Sendika Ouvriye Codevi nan Wanament ki afilye nan Entè-Sendikal Premye Me/Batay Ouvriye kòm òganizasyon ki reprezante ouvriye ak ouvriyèz nan zòn franch Codevi / Grupo M devan administrasyon an fonksyonen dapre lejislasyon travay peyi Dayiti;
Kite Sendika a afiche bilten, avi, nòt ki pote inisyal manb Komite ekzekitif Sendika a nan yon tablo d afichay ki ta anndan antrepriz la;
Pèmèt manb Sendika a distribye feyè nan lakou zòn franch pandan rekreyasyon oswa apre travay;
Resevwa, de Komite Ekzekitif Sendika a, kiyès ki delege pou reprezante Sendika a devan antrepriz la. Delege sa yo ap gen pou misyon:
Pote revandikasyon oswa doleyans ouvriye yo genyen devan direksyon an;
Pote reklamasyon, plent kont enfraksyon sou dwa travay ak sekirite ouvriye yo;
Kominike sijesyon, obsèvasyon ouvriye yo devan direksyon antrepriz la;
Enfòme Sèvis enspeksyon nan Ministè Afè sosyal ak Travay lè gen vizit oswa ale nan biwo ministè a pou mande entèvni oswa pou pote plent ouvriye yo ta genyen;
Alète manb Sendika a, manm direksyon Codevi sou tout pwoblèm ki ta parèt nan travay la pou koreksyon fèt oswa jwenn yon solisyon ki ta satisfè 2 pati yo;
Antann ak direksyon Codevi a sou pwosedi pou règleman reklamasyon, griyèf oswa konfli (endividyèl kou kolektif nan izin lan;
Enfòme epi konsilte delege Sendika yo anvan tout leyòf, revokasyon an mas sou rezon an ak gravite sitiyasyon an epi plan direksyon an genyen pou sa fèt
Pran kontak ak enstans verifikasyon ak kontwòl sou zòn franch la, kit se sa ki depann de Grupo M, IFC, Levi Strauss, leta ayisyen, kit se lòt ki endepandan;
Negosye epi veye pou tout akò, konvansyon kolektif ki ta siyen ant direksyon Codevi ak Sendika a respekte kòmsadwa.
Delege sendikal yo dwe gen pwoteksyon kont tout mezi ki ta pote prejidis a responsablite yo antanke reprezantan travayè yo devan antrepriz la. Yo dwe benefisye de tan lib pou ranpli fonksyon yo san yo pa pèdi sou sale yo/prestasyon yo ak avantaj sosyal yo genyen. Yo dwe gen aksè a tout kote nan lye travay la pou yo kapab ranpli fonksyon yo. Yo dwe gen aksè tou a manm pèsonèl ki gen pouvwa desizyon yo depi li nesesè. Epi reprezantan sendika ki pa anplwaye nan antrepriz la, men ki la a tit konsiltatif dwe gen aksè a zòn franch depi delege Sendika a avèti responsab yo.