![]() |
|||||||
|
Wanament, 5 avril 2004 Pou: Minis Pierre CALIXTE, Ministè Afè Sosyal ak Travay Sot nan: Sendika Ouvriye Kodevi Wanament Objè: Represyon antisendikal nan Zòn Franch Codevi, Wanament Ak lòt zak ilegal konpayi sa a ap pèpetye nan zòn franch la Msye Minis, Sendika Sokowa, se yon sendika legal kote nou depoze tout pyès nou nan Ministè Afè Sosyal jou ki te 10 fevriye 2004 la. N ap fè nou twouve lèt kouvèti nou a ak akize resepsyon Ministè a. Sokowa fè pati Entèsendikal Premye Me Batay Ouvriye ki, li menm tou, legal. N ap fè w jwenn tou kopi Atestasyon Entèsendikal la. Jounen jodi a, n ap adrese nou a ou menm konsènan divès pwen. Premye a, se gwo vag represyon antisendikal n ap sibi. Dosye ki enkli a ap ka mete ou okouran konplètman sou sitiyasyon an. Grupo M, fim k ap jere zòn franch Wanament la, rive prete 20 milyon dola nan men Bank Mondyal sou kondisyon respè dwa sendikal nan zòn franch la. Men, pi rèd, Konstitisyon Ayisyen an, Kòd Travay peyi a ak akò entènasyonal leta ayisyen siyen egzije, anvan menm akò prive Bank Mondyal ak Grupo M, pou dwa sendikal la respekte selon lalwa. (Akò prive Bank Mondyal santi l oblije egzije pou Grupo M siyen se dayè yon rekonesans de abityèl mank respè Grupo M li menm.) Vreman vre, divès antesedan represif Grupo M siyale deja pa diferan nivo, kit se santral sendikal, kit se òganism ankèt sou fonksyònman zòn franch (cf. dosye). Kidonk, adrès sa a, ansanm ak tout dosye ki akonpayen l, se pou pòte yon PLENT FÒMÈL kont zak represif antisendikal Grupo M fè ak vyolans kont sendika nou an, alankont tout lwa nasyonal kou entènasyonal e kont tout akò li siyen an prive. Jan w ap ka wè nan dosye a toujou, nou mande klèman reentegrasyon tout ouvriye yo te chèche revoke. Men gen lòt pwen ankò. Youn nan enpòtan yo, se prezans lame dominiken nan izin lan. Non sèlman se yon zak represif answa (pa gen rezon pou manm lame chita andedan yon izin prive) men, ankò, n ap mande : ki dwa pou lame dominiken tabli kò l sou teritwa peyi d Ayiti ? Anfen, nou menm tande li kesyon pou direksyon Kodevi mande prezans Ministè Afè Sosyal Repiblik Dominiken pou vin tranche kesyon an ! La a, nou pa konn ki sa pwopriyetè konpayi sa a pap ka fè ankò nan peyi a ! Kidonk, se toujou fòmèlman nou mande leta ayisyen vin pran responsablite l devan tout zak sila yo, an patikilye pou Ministè Afè Sosyal vin rezoud ilegalite flagrant Grupo M nan izin nan ak vyolans gwad dominiken yo ap fè sou travayè Ayisyen. Pou Sendika a : __________________________ Michel Jocelyn, Kòdonatè Jeneral __________________________ Antonio Louis, Kòdonatè Adjwen __________________________ Miratel Joseph, Sekretè __________________________ Elysée Elie Saustène, Trezorye __________________________ Dieudonné Paul, Resp. Komisyon __________________________ Orélus Jaccius, Resp. Komisyon __________________________ Orange, Anne-Rose, Resp. Komisyon |
|||||||
|
|||||||