![]() |
|||||||||||||
|
SENDIKA OUVRIYE CODEVI WANAMENT (SOKOWA) Wanament, 16 fevriye 2004 M. Limbert Cruz Reskonsab Fábrica Codevi Grupo M Zòn Franch Wanament Mesye, N ap salye w ak respè pandan n ap anonse w ke nou menm, yon gwoup ouvriye nan fabrik la, nou fòme yon Sendika selon lalwa peyi d Ayiti, konvansyon entènasyonal Leta peyi a siyen, kòd kondyit fabrik w ap dirije a, ansanm ak kondisyon akò ki te siyen ak Bank Mondyal konsènan prè ki te efektye pou reyalize miz sou pye izin la. Nan anvlòp sa a, w ap twouve kopi akize resepsyon Ministè Afè Sosyal ki resevwa tout papye legal nou depoze nan biwo santral Pòtoprens la kòm sa dwa. Yo revize tout papye yo e yo fè n konnen tout an òd. Etan done, selon lalwa, depi nou depoze ansanm pyès ki nesesè yo e ke yo fè n konnen yo an òd, Sendika nou a otomatikman legal, Komite a ap pwofite okazyon a pou tou mande Direksyon a yon chita pale pou nou ka diskite sèten aspè nan dwa nou yo nou panse ki pa fonksyone kòrèkteman andedan fabrik la. Nan lespwa w a ba nou yon repons san pèdi tan, n ap fè w jwenn salitasyon sendikal nou. Pou Komite Sendika a --------------------------------------------------------------- Sekretè cc. Entè Sendikal Premye Me-Batay Ouvriye Group Aksyon Jiridik (GAJ)
|
|||||||||||||
|
|||||||||||||