|
|
|
|
|
|
 |
|
|
DÈNYE NOUVÈL FRE
|
|
|
|
SOU VÒT 125 GOUD CHANM DEPITE A
Pòtoprens 19 out 2009
Malgre mobilizasyon mas popilè yo an favè 200 goud la,
Malgre mobilizasyon pwòp ouvriye yo, an mas, anba gwo represyon, jou apre jou...,
Malgre pozisyonman final sèten endistriyèl lokal ansanm ak tout kalite entèvansyon an favè yon minimòm jistis sosyal,
Sou do ouvriye yo, nan syè ak nan san militan pwogresis tout kalite, an patikilye etidyan yo, nan yon gwo griyen dan ireskonsab, kriminèl e repiyan, majorite depite yo ratifye objeksyon ilegal trèt la ki, li menm, an bon jan ekzekitan, te annik repwodyi sa gwo boujwa soutretans yo te fè l jwenn.
Pandan yo vle fè n kwè se “viktwa demokrasi”, vòt 125 goud la se rezilta yon konplo klas dominan pi reyaksyonè yo òganize, òkestre, ak patisipasyon sousou pi dosil yo, ak apyi yon represyon jou an jou pi sistematik, pou ranfòse lespwatasyon san limit soutretans la, pou ranfòse dominasyon sinik yo sou pèp ayisyen.
Jounen jodi a, pèp ayisyen an retwouve l anfas yon lènmi ki jou an jou ap vin pi klè. Fòk nou izole l piplis toujou e atake l fas pou fas !
Men, an menm tan tou, devan atak an règ l ap sibi a, pèp ayisyen an retwouve l anfas yon ilizyon li te lese devlope nan tèt li. Sa tou dwe konbat ak menm detèminasyon an !
Nan lit la, kan pèp la reziste ak tout fòs li. Nan lit la, sektè pwogresis nan klas domine yo retwouve yo. Se yon gwo pa.
Jounen jodi a, vòt 125 goud depite yo pa dwe bloke mobilizasyon nou. Okontrè ! Jounen jodi a, tout ouvriye, tout travayè, tout pwogresis konsekan dwe pran reskonsabilite yo pou konstwi ALTÈNATIV ki dwe chavire sanginè sa yo ansanm ak tout trèt ki osèvis yo. Nan enterè Pèp Ayisyen, nan enterè Travayè yo, nan enterè Nasyon an.
Batay la fenk kòmanse !

13 OUT 2009
KLAS OUVRIYÈ A AJI!
REPRESYON AN AP KONTINYE!
MOBILIZASYON AN DWE PRAN JARÈT PI RÈD!
Yon fwa ankò, anba direksyon ekzekitif la, fòs represif yo reprime manifestasyon ouvriye pou rache 200 goud mizè a. Yo eseye kraze manifestasyon an. Li regwoupe e relanse pi rèd. Madi 11 out la te di, men li montre detèminasyon ouvriye yo pou yo vanse nan batay la. Sou yon lòt bò, jouk kounye a, etidyan yo te arete abitrèman yo toujou nan prizon. Yo frape yo. Pa menm gen chaj kont yo. Pi rèd, devan fakilte syans imèn lan, yo kontinye ap arete etidyan ak pasan nan lari. Pandan tou sa montre aklè detèminasyon etidyan yo, pwogresis ki angaje 2 pye fèm nan menm konba a, li montre tou wotè represyon an rive. Fas a sa, fòs pwogresis yo pa janm lage. Se konsa n ap sanble, n ap konsolide, nan batay la menm, NAN BATAY POU KONSTWI KAN PÈP LA. E : batay la fenk kòmanse !
Batay sou salè minimòm la fè ekzekitif la, tyoul patwon boujwazi a, fin montre vre vizaj li. Wi, nou di fin montre vre vizaj li. Nou te deja wè jan Preval vag lè y ap depòte anba baton travayè ayisyen soti nan Repiblik Dominiken, vòlè byen yo, kraze kay yo, bat yo touye yo… ; nou sonje klèman tout lè Ayisyen neye nan lanmè, Preval di yo : naje pou soti ! ; nou konnen tou, menm lè yo koupe tèt yon konpatriyòt travayè nou nan leta vwazen an, sou laplas piblik (!!!), Preval kontinye pou l di : se pa pou li sa… !
Sou yon lòt bò, nan leta sa a, te toujou gen gabji, ak koripsyon ; te toujou genyen gouvènman ki pa fonksyonèl ; te toujou gen liy abolotcho a pou regle tout bagay (sekirite, eleksyon…) ; te toujou genyen favorize sèten boujwa nan oligachi a lè gen swadizan apèl d òf (egz. Elektrisite) ; te gen pwoteje boujwa k ap vòlè kòb peyi a san bay sèvis yo gen pou bay (elektrisite nan nò peyi a), oswa moun ki pa peye DGI (vòlè soutretans yo) ; te gen detounman asfalt Venezyelyen yo bay peyi a pou al vann Dominikani ; te gen detounnman angrè pou al vann lòt peyi ; te gen eleksyon-seleksyon, ak yon imoralite san bòn ; etseteraera… Nan tout sa, ekzekitif la patisipe aktivman oswa aksepte kareman. Nan avantaj kiyès ? Toujou nan avantaj klas dominan pi reyaksyonè yo ak benediksyon enpeyalis yo.
Se vre, tou sa te toujou fèt. Men kesyon salè minimòm lan ki mete fas a fas boujwa ak pwoletè, reyaksyonè ak kan pèp, fòse yo fin montre vre vizaj yo aklè.
Vreman vre, ak yon aktivite san limit, y ap mete tout grif yo deyò. Jounen jodi a, se yo, ansyen pwogresis yo, k ap reprime san gade dèyè e jwe wòl bouwo pèp la, poutèt revandikasyon 200 goud mizè a. SA RÈD ! Yo t ap fè pou boujwa e sa te gen konsekans sou mas pèp la, peyi a. Kounye a, y ap fè kareman KONT mas popilè yo. Tout moun dwe klè sou karaktè antipopilè, antinasyonal ekzekitif la ak tout abolotcho ki nan palman an.
Gen moun ki kwè devan yon fayit konsa, yo ka remanbre « klas politik » la. Yo pa dwe bliye, nan eleksyon lane 2006 la, mas popilè yo te mete moun sa yo nan plas yo : yon panyen fatra ! Yo mèt rete la. Preval li menm toujou ap eseye remete kèk nan yo sou moun e, nan fè sa, li menm tou li tou rantre nan menm panyen fatra a.
Represyon an ap pran chè sou divès fòm : li pran fòm konfwontasyon nan manifestasyon, l ap pran fòm represyon kont machann nan lari, l ap pran fòm kontwòl moun nan mas popilè yo (sitou nan Petyonvil) sou pretèks sekirite. Pou li fèt, klas dominan yo ap sèvi ak fòs represif yo yo vle ranfòse ak apyi MINUSTAH. N ap fè yon apèl a manm lapolis ki soti nan mas popilè yo, tout jèn ki al rantre nan lapolis paske pa gen lòt posiblite pou yo nan peyi a, pou yo konprann y ap sèvi ak yo kont moun ki nan menm kan ak yo. Okontrè, yo dwe vin ranfòse konstriksyon kan pèp la pou yon lòt peyi, yon lòt leta. Yo dwe konsyan batay pou salè minimòm lan se batay pa yo li ye tou : tout ogmantasyon salè minimòm la dwe gen yon repèkisyon pozitif sou salè pa yo. Batay pou meyè kondisyon travay pa yo pa dwe baz pou politisyen fè demagoji, li dwe fè pati batay kan pèp la nan pèspektiv lòt leta a.
Jounen jodi a, nou gen 3 bagay devan nou :
- Kontinye vanse nan mobilizasyon sou tout teren ;
- Klas dominan ak tyoul yo pa gen solisyon ! Fòk gen yon Altènativ kan pèp la ki kanpe anfas yo aklè, e fòk altènativ sa a pran responsablite li sou tout teren ;
- Enpoze altènativ la kòm sèl fòs ki kapab wete peyi a nan twou li ye a e rache souvrennte peyi a.
Konstwi kan pèp la mande yon Pwogram klè ki baze sou enterè kan pèp la, travayè yo, pou soti peyi a nan twou li ye a. Se responsablite nou ! N ap fè fas a li ! Nan laji mobilizasyon an tèt kale, pandan n ap vanse nan batay 200 goud la !
Viv lit klas ouvriyè a !
Viv lit travayè yo !
VIV LIT KAN PÈP LA !
Viv yon kan pèp òganize nan yon altènativ otonòm klè !
(Li atik la; wè Powerpoint an fòm pdf la ak FOTO) |
|
AKS LIT POUSWIT MOBILIZASYON
Oktòb 2008 - Aks lit pouswit Mobilizasyon - PDF
Desann Dokiman an (348 Kb)
BATAY OUVRIYE NAN RANKONT LATINOAMERIKEN AK KARAYIB TRAVAYÈ YO
7 ak 8 Jiyè 2008
Ak CONLUTAS Brezil, CCURA (Corrente Classista, Unitária, Revolucionária e Autónoma) Venezwela, TCC (Tendencia Clasista y Combativa) Irigwe, COB (Central Obrera de Bolivia) ak MECOSI (Mesa Coordenadora Sindical - Paragwe).
Nan kad evolisyon pratik entènasyonal nou e, pi presizeman, reskonsabilite n ap pran onivo rejyon Amerik Latin ak Karayib lan, BATAY OUVRIYE fè pati 4 òganizasyon k ap lanse apèl pou yon RANKONT TRAVAYÈ LATINO AMERIKEN AK KARAYIBEYEN. Men tèks “Apèl” la:
Pou tout òganizasyon sendikal ak mouvman sosyal Amerik Latin ak Karayib
Kamarad,
N ap viv de moman dramatik nan rejyon nou an. Nan tout peyi nou yo, enpeyalism lan ap opere yon ofansiv grenn kraze kont travayè yo. Sa materyalize nan piyaj ak lesplwatasyon transnasyonal yo ansanm ak gwo antrepriz yo ap reyalize; nan modèl ekonomik neoliberal gouvènman yo ap aplike; nan prezans baz militè Etazini; nan okipasyon militè etranje tankou ann Ayiti; etc... Sitiyasyon sa a, lavil kou nan milye riral lan, pòte travayè yo ansanm ak tout lòt sektè esplwate nan sosyete a pou yo lite ak piplis detèminasyon kont lesplwatasyon y ap sibi a. Se rezistans vanyan sa a ki soti nan tout pèp Amerik Latin, Karayib ansanm ak lòt rejyon nan lemonn, tankou sa Irak lan pa egzanp, ki bay kriz nou konnen yo ansanm ak tout difikilte enpeyalis yo genyen nan chache enplante pwojè yo....
KONTINYE LI...
Deklarasyon Premye Me 2005
"... Zanmi kanmarad ouvriye, travayè, ti machann, ti boujwa pwogresis, tout kan pèp la an jeneral, Premye Me, se komemorasyon gwo lit, gwo batay travayè kont boujwa kapitalis ansanm ak leta reyaksyonè yo a nan lemonn antye, kote klas ouvriyè a te rache 8 èd tan travay. Se pa fèt ‘travay’ ni ‘lagrikilti’, jan yo vle fè l parèt nan diskou ofisyèl yo. Jodi a, batay la dwe kontinye pou nou rache dòt revandikasyon nan kad òganizasyon otonòm nou pou avansman lit demokratik popilè yo ak travayè yo kòm potomitan. Menm jan ouvriye yo te montre nou wout limyè an 1886, se menm jan an tou jodi a ouvriye yo dwe pran direksyon lit demokratik popilè yo pou altènatif serye kan pèp la ap chèche a, li jwenn li tout bon vre." LI TOUT DEKLARASYON AN
Bilten Sendika Ouvriye Codevi Wanament (SOCOWA) No. 6
"Nan klas ouvriyè a, nan mitan nou menm ouvriye nan Codevi, dwe gen gwo ajitasyon ki kontinye fèt sou nesesite òganizasyon nou an, sendika nou an ki se SOCOWA kòm òganizasyon otonòm nou, nou rive bati ak anpil difikilte, nan gwo batay. Jounen jodi a,nou dwe rantre nan ajitasyon/mobilizasyon jeneral sou kesyon kontra travay kolektif la. VINI NAN REYINYON ASANBLE NOU YO REGILYÈMAN EPI SWIV MODÒD SENDIKA A. N AP DI ABA TOUT SOUSOU AK MOVE ZANGI KI VLE DEZINI NOU ! VIV LIT OUVRIYE VANYAN NAN CODEVI !" LI TOUT BILTEN AN
Sou Pwotokòl Akò ki siyen nan Codevi a
"Kontrèman a sa nou tande, asavwa konfli yo rezoud ant ouvriye, sendika ki reprezante yo ak patwon zòn franch CODEVI, nou panse gen yon avansman ki fèt nan dosye a paske gen de aki ki tabli nan 2 jou negosyasyon ki sot pase ak antrepriz la, men sa pa vle di tout konfli fini. Nou panse se apre siyati pwotokòl d akò a, lit la ap pi rèd. Se yon lòt moman pou ouvriye veyatif vijilan pou sa ki ekri sou papye aplike tout bon vre. Nan peryòd sa a, nenpòt bagay ka rive. Fòk sendika SOCOWA ansanm ak tout ouvriye yo rete bande alaryè pou akò a respekte epi sèvi ak li pou rache plis dwa epi fè dòt aki." LI TOUT DEKLARASYON AN
Pouswiv pou li tout diferan lit nou yo ki prezante an kreyòl sou sit la.
 |
|