![]() |
||
|
LIT NOU MENM OUVRIYE NAN KAD ELEKSYON PREVAL 19 mas 2006 Kanmarad Ouvriye, Anvan eleksyon yo, Batay Ouvriye te montre klè, objektif prensipal nou se te bloke sa nou te rele « pòl fachis » la ak boujwa tankou Boulòs, Bekè epi yon seri fo demokrat ki t ap akonpaye yo osnon sèvi yo kouvèti. Nou ka di malgre tout tantativ magouy, malgre tout magouy, mas popilè yo rive atenn objektif sa a. sa pa vle di nou « touye bèt la ». li la e l ap manniganse. Li menm ap travay pou glise kò li sou yon fòm osnon yon lòt nan kan ki otou Preval la. Nou dwe konsyan nan kan ki otou Preval la yo ka jwenn plas. BATAY nou dwe kenbe kont de sa ak anpil rigè. Men an menm tan, li enpòtan nou klè n ap rantre nan yon lòt moman. Menm si legislatif yo poko fèt, nou ka di ekip Preval la pral pran tèt leta a. Nou te di klèman yo pa pral fè pou nou. Okontrè, yo plen kontradiksyon e ap menm anfas nou. Malgre tou, nou te montre se yo k ap pote meyè kondisyon pou nou BATAY. Sa trè enpòtan men sa ki fondamantal se BATAY NOU. Depi kounye a, nou dwe vanse, rantre pi fon nan batay nou yo. Y ap pale de « envèstisman nan pwodiksyon ». Pou nou, li egal ESPLWATASYON ANRAJE klas ouvriyè a. Kidonk, BATAY TÈT KALE SOU BÒ PA NOU, NOU MENM OUVRIYE. Depi koulye a, pou derape, nou dwe komanse fòse boujwa yo respekte 3 bagay. Gouvènman Preval la ap gen pou pran pozisyon sou yo klèman. Se la l ap komanse montre figi li, kote li kanpe.
Kanmarad ouvriye, nan zòn franch Wanament la, kanmarad nou yo déjà atenn objektif sa yo, nou dwe swiv egzanp yo a : BATAY, RACHE DWA ! Nou dwe fòse boujwa yo jeneralize aki yo, sa kanmarad ouvriye nou yo deja rache. Nan zòn Okap, gen izin ki atenn objektif sa yo tou, e piplis toujou : nan Manye-Lapostòl, yo touche 300 goud pa jou ! Nou dwe swiv chimen MOBILIZASYON sa a e rantre 2 pye fèm nan BATAY pou reyalize 3 objektif sa yo. OUVRIYE ÒGANIZE AP POTE LAVIKTWA KANMENM ! FÒK BOUJWA YO RESPEKTE DWA NOU ! FÒK NOU FÒSE LETA, GOUVÈNMAN AN, RESPEKTE DWA NOU ! BATAY LA FÈK KOMANSE ! |
||