Okap Ayisyen, 13 jen 2002
Nou menm, Sendika Batay Ouvriye nan Nò, se an Asanble Jeneral chak Sendika reyini pou nou pran desizyon sou evènman 27 me 2002 Gwasimal yo ak tout sila ki swiv yo e tout represyon k ap kontinye fèt. Konsa, ansanm, n ap leve vwa nou byen fò pou denonse arestasyon, maspinay ak kò sasinay ki fèt sou kanmarad nou, ouvriye ak travayè Gwasimal, Senrafayèl. An menm tan, n ap egzije touswit touswit liberasyon 9 kanmarad nou ki toujou nan prizon yo, jistis ak reparasyon pou viktim jounen sila a, kondanasyon bouwo yo epi yon fen nan pratik anti-sendikal, anti-travayè patwon ak leta ki kontinye fèt menm jan ak sou Divalye ak tout gouvènman ansyen yo.
Nou menm, manm sendika nan Nò yo, se nou ki konnen mizè nou pase pou rive mete sendika sou pye devan rezistans total kapital boujwa ki anwo nou. Se nou ki konnen kantite sendika yo kraze, komite yo revoke, presyon nou pran ak mizè ki tonbe anwo nou poutèt nou deside revandike dwa nou. Nou tout, ouvriye sendike nan Nò, nou konnen kouman patwon sila yo pa rekile devan anyen pou bloke tout sendika, pou kapab kontinye pile lalwa, pile dwa nou e konsa esplwate nou toujou piplis.
Egal, nou klè sou valè manti yo vide sou do kanmarad ouvriye nou nan Senrafayèl, e nou klè sou rezon ki esplike manti sila yo. Egzakteman, jan nou menm tou nap viv sitiyasyon an depi plizyè lane, nou remake leta chwazi kan patwon sila yo klèman, li chwazi soutni boujwazi ilegal e san moral sa a ki, li menm, depi li kapab, se koudeta li lage anwo l, pandan nou menm travayè yo, baz ki te mete gouvènman sa a la a poutèt sa li te reprezante a, li lage nou nan twou.
Nap salye liberasyon jounalis konsekan sila yo, Darwin St. Julien ak Alan Deshommes jou samdi 8 jen an: li te lè, li te tan. Men an menm tan, n ap fè sonje ouvriye, travayè, ata chofè machin rete toujou anprizone, abitrèman e nan move kondisyon. Temwayaj mesye yo pwouve kouman se pi mal pase kriminèl kanmarad nou yo twouve yo, se nan ti twou yo voye yon vye ti kras manje ba yo. Yo pa jwenn swen e nou klè eta sante plizyè nan yo pa bon ditou ditou, yo mande wè doktè.
Jounen jodi a, nou menm, ouvriye ak travayè Batay Ouvriye nan Nò yo, n ap di: SE TWÒP ATÒ! Se pou kanmarad ouvriye-travayè nou libere! Se pou dwa yo respekte, jan lalwa mande l!
Signatures: Anne-Rose Jean-Pierre, Sendika Ouvriye Etablisman Novela; Claudius Benjamin, Sendika Ouvriye Mànye-Lapostòl; Elimene Toussaint, Sendika Ouvriye Gwasimal Madlin; Lionel Joseph, Sendika Travayè Otèl Bèk; Myrthil Louis, Sendika Ouvriye Kwasan d Ò; Julien Petit-Frère, Sendika Travayè Depo PAM