Batay Ouvriye Banner

Revokasyon Dieumano CAMIL ki fèt apre ke patwon  Larco Freres S.A te deside rezilye kontra travay li apre li te fin distribye yon trak òganizasyon sendikal  li fè pati de li  a te prepare pou tout travayè yo nan lakou  antrepriz la. Nan lèt konpayi an voye bay Biwo Rejyonal Lwèst/MAST, li di revokasyon an fèt pou kòz ensibodinasyon grav paske pandan li t ap rantre nan  lakou izin lan, gadyen/ajan sekirite yo te entèdi li, li te rantre de fòs alòske li te nan peryòd konje anyèl li.

Motif konpayi Larco pou rezilye kontra travay Dieumano CAMIL  koresponn a non sèlman yon akt diskriminatwa men tou yon akt reprezay kont yon travayè ki se manb komite ekzekitif Sendika Ouvriye Larco/ Batay Ouvriye (SOLBO) ki ap fonksyone anndan antrepriz la depi kèk mwa sèlman. N ap souliye revokasyon sa a fèt nan yon peryòd negosyasyon avek dirijan sendika a.

Men trak ki te sikile nan izin la sou pwoblèm sa a depi nan fen lane 2006 la:


BATAY OUVRIYE LAKO,

Kanmarad ouvriye,

Ayè nan maten, nan biwo ministè Afè Sosyal Delma, nou rankontre ak direksyon izin lan. Se te sou kesyon revokasyon youn nan kanmarad nou direksyon an revoke poutèt li te vin bay trak anndan izin lan. Jan nou konnen deja, kontradiksyon ant nou menm ouvriye ak direksyon an vin pi sere. Depi sendika a monte, menm si yo vle fè kwè yo se demokrat, yo dakò ak sendika, se voye y ap voye pye sèlman. Yo soti pou revoke tout ouvriye ki vle defann dwa l tout bon. E yo ka menm rive ilegal kote y ap bay sekirite lòd pou pa kite sendikalis vin ranpli tach sendikal yo andedan izin lan, anba pretèks li te an konje. Men agiman sa a pa kenbe. Met sou sa, yo pretann se ouvriye a ki t ap fè vyolans, bagay yon senp ankèt ka demanti fasilman. Kidonk yo pa gen rezon pyès! Vreman vre, enspektè Afè Sosyal la rann li kont fasilman de verite agiman ouvriye a e yo deklare revokasyon an ilegal! Konsa, yo mande reyentegrasyon kanmarad nou a pi vit posib. Kounye a, se direksyon an ki konnen si l ap kontinye ilegal, malgre envitasyon leta a ki li menm fin klè sou ka a, oubyen si l ap reyentegre kanmarad nou a pi vit posib.

Kanmarad ouvriye, nou konnen trè byen boujwa pretann ata leta a yo pap respekte. Kidonk, BATAY la, jounen jodi a, SE NAN MEN NOU MENM OUVRIYE LI YE! Revokasyon ilegal la pa gen dwa pase nan izin lan! Si se pa sa, se nou tout k ap pran bwa nenpòt ki lè, nenpòt ki jan e represyon direksyon an ap san limit sou nou. Kounye a Afè Sosyal fin deklare ka a an favè nou, se MOBILIZASYON NOU TOUT OUVRIYE KI POU PÈMÈT LI APLIKE!

ABA REPRESYON ANTISENDIKAL DIREKSYON AN! VIV LIT OUVRIYE NAN LAKO POU DWA JIS E LEGAL YO! FÒK REVOKASYON ILEGAL SISPANN! VIV REYENTEGRASYON KANMARAD NOU A PI VIT POSIB!                                                                                               28/11/06